MÈT FLANBO (ANNOU VODOUN)

Mèt Flanbo Annou Vodoun se yon espas ki kreye pou ranfòse ak valorize eleman fondamantal ki fòme idantite ayisyen an atravè fenèt espirityalite ansestral la.
Konesans sou istwa nou kòm pèp sèvi kòm yon fil kondiktè ki pèmèt nou tounen nan rasin Vodou, konprann Lwa yo, ak analize konfigirasyon kiltirèl, espirityèl, sosyal, ekonomik ak politik ki estriktire egzistans nou.
Chanèl Mèt Flanbo Annou Vodoun asepte tout Ayisyen san diskiriminasyon; li konstui pou refleksyon, aprantisaj ak pwoteksyon patrimwàn kiltirèl nou.
#vodou #loa #lwa #vaudou #spiritualité, #religion, #histoired’Haïti, #Société.